Vant Bèf Info (VBI). Vant Bèf Info (VBI) – vien de publier cet article
Nan yon seremoni ofisyèl jodi a, Laurent Saint-Cyr pran fonksyon li kòm nouvo Kòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), an ranplasman Fritz Alphonse Jean. Nan premye diskou li, ansyen lidè sektè prive a mete aksan sou gravite moman an epi lanse yon apèl ijan pou aksyon imedya.

Pòtoprens, 7 dawou 2025 — “Bagay la mangonmen. Se pa tan pou bèl diskou, men pou poze aksyon,” se deklarasyon ki mete ton angajman nouvo kòdonatè a.
Li fè konnen peyi a ap fè fas ak yon kriz san parèy, kote sekirite a degrade chak jou, administrasyon piblik la ap fè bak, e lavi sitwayen yo vin de pli zan pli difisil. Dapre li, se moman pou mete mezi solid sou pye pou konbat zak vyolans yo, relanse enstitisyon yo, epi mete peyi a sou wout eleksyon lib, onèt ak demokratik, jan sa prevwa nan akò 3 avril 2024 la ki mete KPT a sou pye.
“Twòp moun mouri, twòp san koule. Nou dwe aji pou bare kriminèl ki mete pèp la anba soufrans,” li lanse devan plizyè manm sektè politik, sosyete sivil, ak reprezantan kominote entènasyonal la.
Ansyen prezidan AmCham Ayiti, Saint-Cyr raple ke li soti nan sektè prive a. Li di wòl li kòm Kòdonatè se fasilite dyalòg ant manm Konsèy la, asire bon jan kowòdinasyon ak gouvènman an, epi mete aksan sou aksyon ki kapab pote rezilta konkrè pou popilasyon an.
Pandan enstalasyon li, anpil je te fikse sou sa nouvo faz sa a kapab pote, espesyalman sou dosye sekirite, jistis, ak rekonstriksyon demokratik peyi a.
Jean Gilles Désinord
Vant Bèf Info (VBI)
L’article Ayiti – Politik : Laurent Saint-Cyr pran tèt KPT a epi lanse apèl pou aksyon imedya est apparu en premier sur Vant Bèf Info (VBI). Vant Bèf Info (VBI) –