Vant Bèf Info (VBI). Vant Bèf Info (VBI) – vien de publier cet article
Pouki mezi lajan w, mezi wonga w, èske lwa yo se kapitalis e se zafè biznis yo y ap regle?Pouki se al chèche pwen pou biznis mache olye fè bon etid mache, pare bon plan dafè, fè bon strateji marketing. Lwa yo pa twò danse kole ak lasyans? Pouki majorite moun nan pèp la k mouri se manje yo manje yo, lwa yo pa renmen moun yo vre?

Pouki lwa yo bay bandi pwen pa pran bal? Pouki lwa danse nan tèt nèg ak nègès ki nan koripsyon, nan kraze peyi? Pouki nèg ki nan pouvwa toujou chèche foure kò yo pi fon nan vodou pandan yap vin pi malonèt e fini a peyi a? Pouki lwa pa tou kase kou yo? Bagay sa yo pa di lwa vodou yo anyen? Lwa yo, mistè yo, envizib yo, pouki yo manje nan lajan asasen ak kriminèl lè yap fè dans pou yo?
Tann mwen, sa lwa yo di menm sou koze rasis nan sosyete nou an menm? Mistè yo, lwa yo, envizib yo yo pa konn koupe fache ak moun ki pa serye? Èske se moun k ap sèvi mistè yo ki pa fè sa yo mande e nan ka sa pouki yo pa mete prensip sou yo? Èske lwa yo, mistè yo, envizib yo pa nan goumen youn ak lòt? Pouki vodwizan toujou ap lonje dwèt jiskounya di se lòt gwoup moun ki fè vodou a kote l ye a toujou? Kisa vodwizan itil vodou a menm? Si vodou a pa enpòte, pouki lwa fè moun masimadi? Nou di bagay sa pa pou nou.
Tankou la, lè yo ba w yon kout « ti voudra » se pa demounize lwa yo demounize w? Lè yon moun fè yon kout mistik pou l fè yon moun fè dè bagay kont volonte l, se pa esklavaj sa rele? Sa k anpeche yon vodwizan pare kout pyès pou moun k ap fini a peyi a? Pouki koze zonbifikasyon an vodwizan yo pa ta ka fè l tounen zam nou fas a etranje k ap toufounen nou yo? Nou pa ta ko nan nivo pwisans nikleyè men o mwen nou patap an chankany.
Deslande Aristilde
Vant Bèf Info (VBI)
Tabou/VBI
L’article Èske vodwizan yo pa zonbifye lwa yo? est apparu en premier sur Vant Bèf Info (VBI). Vant Bèf Info (VBI) –